Ayiti Se

1 year depuis dans Bolero
  • 21
  • 0
  • 0
  • 0
  • 0

Ayiti Se - official version
Artist: Mikaben
Title: "Ayiti Se"
Label: Kon'Beat Productions
Producer: Gouin Films & Consulting
Director of Photography: Yvetot Gouin
Editor: Yvetot Gouin
Director: Ralph Dupoux
Shot entirely on location in Haiti - 2012

Paroles:

https://lyricstranslate.com/fr..../ayiti-se-haiti.html

Ayiti se
Ayiti se bèl lanmè se bèl montay ak bèl rivyè
Se bèl plaj ak pye kokoye bèl peyizaj ak bèl koulè
Ayiti se sant kafe kap monte nan nen m’ le maten
Se sant lawouze ki fèk poze pou flè dizè ka boujonnen
Ayiti se Basen Ble Kaskad Pichon avèk Sodo
Se Akaden La Sitadèl se Labadi ak Marigo
Ayiti se Lavale se Pòsali ak Zabriko
Se Mòn Lasèl Pik Makaya se Mamlad ak Mòn Pilbowo

Ayiti se yon dous makòs se yon ponyen pistach griye
S’on ji kole ki pou banm fòs s’on boutèy kola ki byen glase
Ayiti s’on bon griyo s’on bon fritay on bon taso
S’on bon legim avèk sirik s’on bon diri avek lalo
Ayiti s’on bon bouyon s’on soup joumou a tout piman
S’on bon kasav avèk manba
Ke ou tranpe nan akasan
Ayiti s’on bon donmbwèy kap marinen nan yon bon sòs pwa
S’on bwakochon on bon kleren Ayiti s’on bon kafe diswa

Ayiti cheri pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m’adore w
Pa gen anyen kap janm fè mwen kite w
Ayiti cheri pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m’adore w
Pa gen anyen kap janm fè mwen kite w

Ayiti s’on bèl mizik se yon bann a pye s’on twoubadou
S’on son kata seremoni, se yon son kwachi yon son tanbou
Ayiti se tè Ogou, se tè zansèt kite pou nou
Se la lesklavaj t’aboli se yon tè libète ak vodou
Ayiti se festival se tisourit se fèt chanpèt
S’animasyon nan Kanaval se yon ti zile k’ pa janm frèt
Ayiti s’on domino se yon bezig se yon twasèt
S’on reveyon kote ki gen bouyon se la k’ gen kenbe tèt

Ayiti se yon konbit peyizan kap sèkle latè
Se ti machann yo kap desann
Pou y’al goumen ak lavi chè
Ayiti se timoun yo k’ap reve de yon bèl avni
Se dlo rigòl la kap desann pa konn kote l pra-l ateri
Ayiti se anba tant lan depi apre 12 janvye
Se labou k’ lev’ on move sant chak lè on ti lapli fin tonbe
Ayiti se sou beton’an pou konn “la vrai” reyalite
Se youn ki tris men grasadye se pa li sèlman n’ ka chante

Refren

Ayiti se yon manman ki konn sa yo rele doulè
On fanm ki djanm on fanm vanyan menm si l’konnen li pa pafè
Ayiti se yon bèl fanm ki menmsi l pase anpil mizè
Li toujou f’on jan l ranje kò l pou tout pitit li toujou fyè
Ayiti se tout bagay sa a yo ki fè ke nou renmen w
E menm si wout la long konnen n’ap toujou la pou n kenbe men w
Ayiti cheri w mèt kwè m
Pa gen anyen k’ap fè m’kite-w
Map toujou la pou ou cheri
Kite mizik sa a dòlote-w
0 commentaires
    Aucun commentaire trouvé

:: / ::
::
/ ::

Queue